Notre histoire · Notre vision

Teknoloji pa sèlman pou aprann. Li fèt pou chanje sa ou kapab fè.

AJF-Tech Digital Academy bay moun konpetans pratik, zouti serye ak yon chemen klè pou yo grandi nan mond dijital la.

Fòmasyon pratik Sètifika verifyab Vizyon lokal, nivo mondyal
APPROCHEPratik an premye
VALIDATIONKonpetans ki verifyab
AJF-Tech Ecosystem HT / GLOBAL
AcademyAprann
PracticeDevlope
CertifyValide
GrowAvanse
01 POUKISA NOU EGZISTE
Yon vizyon ki gen sans

Nou vle fè teknoloji vin yon levye reyèl pou pwogrè.

AJF-Tech fèt pou diminye distans ki genyen ant “mwen konprann” ak “mwen kapab fè li”. Se poutèt sa nou mete pratik, pwojè, evalyasyon, akonpayman ak itilizasyon reyèl teknoloji nan sant eksperyans lan.

Nou pa wè aprantisaj kòm yon seri videyo sèlman. Nou wè li kòm yon parcours: yon moun dekouvri, pratike, fè erè, resevwa gidans, valide konpetans li epi sèvi ak sa li aprann pou kreye valè.

Alcena Jonathan, fondatè AJF-Tech
FONDATÈ AJF-Tech

Yon mak teknoloji vin pi fò lè dèyè teknoloji a gen yon vizyon, yon metòd ak yon relasyon imen.

Yon figi reyèl dèyè vizyon an

Lidèchip ki rete pwòch aprantisaj la.

Dèyè AJF-Tech gen yon vizyon ki mete edikasyon, teknoloji ak sèvis pwofesyonèl ansanm. Fondatè a, Alcena Jonathan, pote yon apwòch ki chèche rete pratik, aksesib ak an kontak dirèk ak bezwen elèv ak kliyan yo.

Objektif la se pa sèlman bati yon bèl platfòm. Se bati yon enstitisyon dijital ki ka ede moun devlope konpetans yo, amelyore fason yo travay, epi jwenn plis opòtinite atravè teknoloji.

01TransparansRelasyon klè ak elèv, kliyan ak patnè.
02PratikKonesans ki mennen nan kapasite pou fè.
03EvolisyonAprann, mezire, amelyore, grandi.
Fondasyon AJF-Tech

Yon misyon. Yon vizyon. Yon estanda.

Se twa bagay sa yo ki gide fason nou bati fòmasyon, sèvis ak eksperyans dijital la.

01
MISYON

Fè moun vin kapab.

Bay fòmasyon teknoloji pratik, sèvis teknik serye ak zouti ki ede jèn ak pwofesyonèl avanse toutbon.

Learn with purpose.
02
VIZYON

Bati yon referans dijital.

Kreye yon ekosistèm teknoloji ki fèt ann Ayiti, ki itil lokalman, epi ki kapab respekte estanda entènasyonal.

Built here. Ready anywhere.
03
ESTANDA

Kalite san konpwomi.

Chèche klète, sekirite, bon eksperyans itilizatè, verifikasyon ak amelyorasyon kontinyèl.

Quality is the baseline.
Plis pase yon LMS

Yon sèl ekosistèm pou aprann, konekte ak grandi.

Nou konekte edikasyon, evènman, kominote, sètifikasyon, sèvis ak entèlijans atifisyèl nan yon menm eksperyans.

AJF-Tech Digital Ecosystem
AcademyKou & parcours
EventsSeminè & atelye
CommunityEchanj & sipò
ServicesSolisyon teknoloji
CertificationVerifikasyon piblik
AI TutorAsistans aprantisaj
Fason nou travay

Teknoloji ki rete imen, itil ak serye.

Nou vle yon eksperyans ki bèl, men bote poukont li pa sifi. Chak fonksyon dwe rezoud yon bezwen, chak enfòmasyon dwe klè, epi chak etap dwe ede itilizatè a avanse.

Wè eksperyans aprantisaj la
01
Student-first

Nou desine parcours la soti nan bezwen moun kap aprann nan.

02
Practice-first

Nou bay priyorite a sa moun kapab aplike nan lavi reyèl.

03
Trust by design

Sekirite, transparans ak verifikasyon fè pati pwodwi a depi nan baz li.

04
Always improving

Nou mezire, koute fidbak epi kontinye amelyore eksperyans lan.

HAÏTI → MONDE

Konstwi an Ayiti.
Pare pou mond lan.

Nou vle montre yon bagay senp: yon solisyon ki fèt lokalman kapab gen estrikti, sekirite, eksperyans ak anbisyon ki respekte nivo nenpòt gwo pwodwi dijital.

Pwochen etap la se pa li. Se fè.

Antre nan eksperyans AJF-Tech la.

Chwazi yon fòmasyon, patisipe nan yon seminè, oswa pale ak ekip la sou pwochen pwojè teknoloji ou.

Pale sou WhatsApp