FAQ ak ticket support pou elèv yo.
Kesyon sou peman, kou, certificat, login oswa video yo antre nan yon sistèm suivi pou ekip la pa pèdi okenn demann.
Kesyon moun poze souvan
Payment
Kijan mwen voye prèv peman mwen?
Apre ou fin peye ak NatCash, MonCash oswa Wise, ale sou paj kou a, chwazi metòd peman an, mete referans tranzaksyon an epi upload foto oswa PDF prèv la. Admin ap verifye li.
Video access
Kijan mwen jwenn aksè video kou yo?
Lè peman ou valide oswa kou a gratis, aksè a aktive sou dashboard ou. Ou antre nan leson yo pou gade video, lire PDF/texte, epi make leson yo kòm fini.
Certificate
Kilè mwen resevwa sètifika mwen?
Lè ou fini kou a epi ou pase quiz final la selon nòt minimòm lan, sistèm nan delivre sètifika verifyab ou. Ou ka telechaje li epi pataje verify link la.
Corporate
Èske AJF-Tech fòme lekòl oswa ekip biznis?
Wi. Nou ka prepare pakè fòmasyon pou lekòl, biznis ak òganizasyon selon kantite moun, nivo yo, objektif yo ak fòma fòmasyon an.
Course
Èske mwen ka poze kesyon sou yon kou?
Wi. Ou ka itilize ticket support la pou kesyon peman, aksè, kou, certificat oswa pwoblèm teknik. Demann ou antre nan admin pou suivi.