Kont itilizatè
Ou responsab pou kenbe imèl, username ak modpas ou an sekirite. Pa pataje aksè kont ou ak lòt moun. Si ou remake yon pwoblèm sekirite, kontakte support rapid.
Aksè kou
Aksè kou yo aktive apre peman manuel la verifye oswa apre yon kou gratis aktive. AJF-Tech ka retire aksè si gen fwod, pataj ilegal kontni, move itilizasyon platfòm nan, oswa vyolasyon kondisyon sa yo.
Pwopriyete entelektyèl
Video, PDF, tèks, quiz, sètifika, logo, design ak materyèl AJF-Tech yo rete pwopriyete AJF-Tech oswa founisè kontni yo. Ou pa gen dwa revann, repibliye, redistribye oswa pataje yo san otorizasyon ekri.
Konpòtman sou kominote a
Forum, kòmantè, temwanyaj ak pwojè elèv yo dwe rete respekte, itil epi pwofesyonèl. AJF-Tech ka modifye, kache oswa retire kontni ki pa respekte règleman sa yo.
Sètifika
Sètifika yo bay apre kondisyon kou a ranpli, tankou fini leson yo epi pase quiz la. AJF-Tech ka revoke yon sètifika si li jwenn fwod oswa move itilizasyon.
Disponibilite sèvis la
Nou travay pou kenbe platfòm nan disponib, men antretyen, hosting, entènèt, oswa sèvis twazyèm pati ka lakòz entèripsyon tanporè.
Chanjman nan kondisyon yo
Nou ka mete kondisyon sa yo ajou pou adapte yo ak nouvo sèvis, règ oswa bezwen sekirite. Nou ankouraje ou revize paj sa a detanzantan.