Graphic Design ak Adobe Photoshop — Soti nan Zewo rive nan Nivo Pwofesyonèl
Aprann Graphic Design ak Adobe Photoshop depi nan baz rive nan yon nivo pwofesyonèl. W ap aprann kreye flyer, afich, artwork, logo senp, kat biznis, badge, kontni pou rezo sosyal ak lòt vizyèl pwofesyonèl atravè pwojè pratik.
Sa kou sa a ap ede w metrize
Pandan kou a, elèv la ap travay sou plizyè pwojè reyèl tankou flyer, afich pou evènman, artwork mizik, kat biznis, badge, vizyèl pou Facebook ak Instagram, ansanm ak lòt travay grafik. Objektif la se pa sèlman montre kijan zouti Photoshop yo fonksyone, men aprann elèv la reflechi tankou yon designer, chwazi bon koulè, bon font, bon layout epi pwodwi travay ki gen yon aparans pwofesyonèl.
Nan fen kou a, elèv la ap prepare yon pwojè final pou demontre konpetans li devlope pandan fòmasyon an. Elèv ki satisfè kondisyon kou a ap kapab resevwa yon sètifika AJF-Tech Academy.
Sa w ap aprann
Pwogram kou a
-
1Fondasyon Graphic Design ak Fason Designer la PanseBloke jouk aksè aktive
Kondisyon ak public cible
Kondisyon
- Pa gen eksperyans nan Graphic Design ki obligatwa. Elèv la dwe konnen itilize yon òdinatè nan nivo debaz epi li dwe genyen yon òdinatè ki kapab kouri Adobe Photoshop. Motivasyon, pratik ak volonte pou aprann se sa ki pi enpòtan.
Pou kiyès
- Kou sa fèt pou debutan, etidyan, antreprenè, responsab kominikasyon, moun k ap jere rezo sosyal, fotograf, moun ki vle travay kòm Graphic Designer, ak nenpòt moun ki vle aprann kreye vizyèl pwofesyonèl pou travay, biznis oswa pwojè pèsonèl.
Kreye yon idantite vizyèl ak yon kanpay grafik pwofesyonèl.
Pou pwojè final la, elèv la ap chwazi yon biznis, evènman oswa mak reyèl oswa imajinè epi li pral kreye yon seri materyèl grafik pwofesyonèl. Pwojè a kapab gen ladan yon flyer prensipal, yon vizyèl pou rezo sosyal, yon kat biznis oswa badge, ak yon lòt materyèl grafik. Elèv la dwe montre bon itilizasyon koulè, typography, hierarchy, imaj ak layout. Pwojè final la ap sèvi kòm youn nan premye travay elèv la ka mete nan portfolio li.
FAQ
Èske mwen bezwen deja konn Photoshop?
Non. Kou a kòmanse depi nan baz epi li fèt tou pou moun ki pa gen okenn eksperyans.
Ki lojisyèl mwen bezwen?
Adobe Photoshop. Pandan kou a n ap eksplike zouti ak fonksyon ki nesesè pou travay yo.
Èske mwen bezwen yon òdinatè?
Wi. Pou fè pratik yo byen, li rekòmande pou elèv la genyen aksè ak yon òdinatè ki kapab kouri Photoshop.
Èske kou a gen pratik?
Wi. Kou a baze anpil sou egzèsis ak pwojè reyèl pou ede elèv la metrize teknik yo.
Èske mwen ap resevwa yon sètifika?
Wi. Elèv ki ranpli kondisyon kou a epi konplete aktivite obligatwa yo kapab resevwa yon sètifika AJF-Tech Academy.
Èske mwen ka suiv kou a si mwen se debutan?
Wi. Kou a fèt espesyalman pou mennen ou soti nan nivo debutan rive nan yon nivo kote ou kapab kreye travay grafik pwofesyonèl.
Èske mwen ap ka fè travay pou kliyan apre kou a?
Kou a ap ba ou fondasyon ak anpil pratik pou kòmanse pwodwi travay pou kliyan. Nivo ou ap depann tou de kantite pratik ou fè apre ak pandan fòmasyon an.
Èske mwen ka suiv kou a sou telefòn?
Ou ka gade kèk leson sou telefòn, men pou fè egzèsis yo ak pwojè yo, yon òdinatè rekòmande.